Kèk bagay ou dwe konnen sou nou

Manb fondatè yo kreye Rezo Pwogram Anivèsè HOTSPOT ONE ki genyen sig REPAHO nan jou ki te 06 Desanm 2020. Aprè yon Asanble Jeneral kote anpil deba ak diskisyon te fè sou yon pakèt lide ki makònen youn ak lòt. Rezo an se yon gwoup zanmi, fanmi ak kòlèg ki mete tèt yo ansanm pa mwayen kotizasyon chak fwa yo bay pou rive selebre anivèsè youn ak lòt chak jou a rive.  

Rezo Pwogram Anivèsè HOTSPOT ONE (REPAHO) kreye pou yon dire ilimite. Rezo sa a kapab kraze pa mwayen yon vòt nan mitan Manb Fondatè yo, Sepandan tout Manb Fondatè yo dwe dakò pou sa posib. Lè sa a, tout byen ak patrimwàn li pral jwenn yon lòt Rezo ki ap pousuiv menm objektif avèk li. Nan ka yo pa jwenn, se yon Òganism Leta ki ap benefisye patrimwàn Rezo an.

Rezo Pwogram Anivèsè HOTSPOT ONE (REPAHO) pa yon Òganizasyon Sosyal ni yon mityèl non plis. Li se yon Rezo Solidarite nan mitan Ayisyen ak Ayisyèn ki ap viv nan peyi a kou lòt bò dlo ki chwazi selebre anivèsè youn ak lòt nan espri pataj ak solidarite.

Objektif Rezo Pwogram Anivèsè HOTSPOT ONE (REPAHO) se:

➢ Devlope lespri solidarite ak pataj nan lanmou youn pou lòt.
➢ Transfòme pataj senbolik jwa ak kado anivèsè ak yon montan pou fè don sa yo tounen reyalite
➢ Reyalize viv ansanm nan pa mwayen yon selebrasyon anyèl nan lajwa kote tout manb Rezo an ap rankontre youn ak lòt selon antant manb yo jwenn sou sa.

KOMITE REPAHO

Prezidan:

➢ Konvoke reyinyon pou planifye aktivite anyèl ak bidjè Rezo an.
➢ Anime reyinyon KOJESA ak delibere sou desizyon Komite a ap pran.
➢ Otorize depans sou lajan kotizasyon manb Rezo an.
➢ Otorize entegrasyon nouvo manb nan Rezo an.
➢ Siyen pwosè vèbal reyinyon ak tout dosye administrasyon KOJESA.

Sekretè Jeneral:

➢ Asiste Prezidan an nan reyinyon li yo kòm manb ki ap distribiye la pawòl.
➢ Redije pwosè vèbal reyinyon Òdinè oubyen Ekstrawodinè yo.
➢ Resevwa dosye nouvo manb ak kominike yo bay Prezidan an.
➢ Fè mesaj rapèl ak tout fetan mwa yo epi sou dwa kotizasyon yo.
➢ Konsève tout achiv KOJESA a genyen.
➢ Siyen ak Prezidan an pwosè vèbal reyinyon Òdinè oubyen Ekstrawodinè yo ak tout dosye administratif KOJESA.

Gade plis

Responsab Trezò:

➢ Prepare bidjè kotizasyon mansyèl ak anyèl manb Rezo an.
➢ Prepare bidjè selebrasyon anyèl manb Rezo an.
➢ Resevwa montan don kotizasyon manb Rezo an.
➢ Dedwi taks obligatwa ak penalite sou reta pèman kotizasyon manb Rezo an.
➢ Prezante rapò kotizasyon mansyèl manb yo ak rapò depans selebrasyon anyèl Rezo an.
➢ Siyen avèk Prezidan an Rapò depans mansyèl ak anyèl Rezo an

Gade plis

Pòt Pawòl:

➢ Reprezante Prezidan an ak Sekretè Jeneral la pou pote mesaj nan bouch oubyen ekri.
➢ Asiste Sekretè Jeneral la nan divès fòm kominikasyon li yo.
➢ Pran la pawòl piblik nan non KOJESA.
➢ Dirije la pawòl tankou mèt seremoni lè genyen selebrasyon anyèl Rezo an.

Gade plis 

Konseye Jeneral:

➢ Bay konsèy sou tout desizyon KOJESA ap pran nan non Rezo an.
➢ Veye sou bon jesyon KOJESA epi fè rekòmandasyon sou fay li wè ki genyen.
➢ Jwe wòl abit lè genyen bouch louvri nan mitan manb KOJESA yo ak rès manb Rezo an.

Gade plis